Yon dizèn refijye kanpe doubout nan lari pòtoprens nan kad yon sit-in Pou kontinye fòse gouvènman Ariel Henry a pran responsabilitel, sit-in sila òganize nan ri kapwa espesyalman devan lise jènfi ki se youn nan sant ebèjman yo madi 19 septanm 2023.
10 zè nan maten, plizyè moun gentan reyini nan lye sa Pou degaje fistrasyon yo kont leta santral la Pou yo menm ki pa pote gaz bay diferan revandikasyon yo, sa montre yo klè yo se yon pitimi San gadò. Se youn nan rezon ki lakoz, plizyè jennfanm ak jenngason kanpe doubout nan mitan lari a ak boutèy yo nan men yo, kraze yo nan tout wout, e menm rive boule kawoutchou, sitiyasyon pral praralize sikilasyon nan ti bout espas la.
An menm tan, kodonatè jeneral Debloke Ayiti a, Nelus Nerius eksprime solidarite-l ak popilasyon kafoufèy La, pandanl pwofite mande ak minis jistis La, Emelie Prophète Milcé, Pou l tanmen menm estrateji ki te lakoz plizyè zòn nan capital la pat rive pèdi anba nèg ak zam tankou Debisi, Tijo, Pou n site sa yo selman, Pou lokalite kafoufèy tou.
Yon lot bò, Mesye Nerius kontinye Pou-l di, moun kafoufèy pap gen pwoblèm Pou akonpanye Polis nasyonal la nan kad operasyon li yo, men se gouvènman Ariel Henry a ki dwe pase lòd Pou travay sa a fèt.
Sepandan, plizyè manman pitit denonse enstans ki te distribiye manje Pou yo espesyalman Diri, manman sa yo ki deklare, diri yo manje a se yon move diri li ye, sitou lè yo konsidere divès moun ki te konsome-l tonbe malad an menm tan, pandan yo pwofite mande soutyen ministè sante piblik Pou pote kole ak moun sa yo ki malad la, yo pwofite denonse tou, direktè lise yo ki pa sispann fè presyon sou yo nan lide Pou evakye espas yo.
Nou vle raple, se 1milyon 100 mil moun pwoteksyon sivil resanse ki kite lakay yo nan kafoufèy ki kouri anba kout bal nèg ak zam pou ane 2023.
Frandeline Pierre