Ti pawòl pa m lan pou Liliane
Tankou pi fò Ayisyen, lanmò Liliane fè m sezi anpil. Nan kalkil sou lanmò a, mwen mande m kijan peyi a pral ye lè l fè 4 trè? Jounalis Julio Midy nan Boston bay repons la: » y ap retire 4 trè nan revèy Ayiti yo ». Men, an n di radyo Kiskeya ta ekziste 300 zan ankò, èske yon jou l ap ka retire » Nan radyo Kiskeya li fè 4 trè « ?
Liliane te antre lakay pèp la chak jou, menm ledimanch maten. Se li sèl ki te fè l konsa. Se sa k fè ti granmoun an te di » depi l tou piti l ap tande Liliane ». Pase nan kay la chak jou se youn, regle bagay serye pou kay la se 2. Liliane se te yon gwo defansèz demokrasi. Liliane se te yon defansèz anraje klas pòv la. Liliane se te defansèz san limit Ayiti. Liliane se te defansèz lajounen kou lannuit metye jounalis li : « nou wè laprès, laprès nou wè la a…! » Liliane se te yon defansèz dan di libète lapawòl. Pou pèp la, Liliane se te yon liv vade mecum. Mennen n avè w. Nou konnen w pap lage n. Sa nou ta fè nan ka sa a? Pa bliye non, se ou sèl nou genyen!
Liliane Pierre-Paul mouri!
Kalib fanm sa a paka ale, ale nèt. Tout bagay fini! Non, non! Fò peyi a enstitisyonalize non Liliane Pierre Paul.
Pou kòmanse, antèman an ta dwe respekte istwa ak pèsonalite Liliane. San nou pa vle pran plas mèt lanmò a, sa nou di si seremoni finèb la ta ekimenik? Gangan, pastè, pè; lang ayisyen tankou franse. Lespri demokratik Liliane pa t gen fwontyè. Sèl sa tolerans li pa t tolere se rayisans, vyolans ak vilgarite.
Epi, nou wè tout kantite twit, temwyayaj, atik, k ap pibliye sou defen an. Otè yo se sitwayen konsekan, admiratè, zanmi, fanmi, kolaboratè, konfrè, konsè, ki ka swete, avèk rezon, fè orezon finèb nan antèman an. Si mèt lanmò a ta vle fè apèldòf pou sa, li ta ka jwenn 10000 oratè nan w kadè. Pwopozisyon pa m, se pou ta genyen yon sèl oratè, yon sèl toutbon. Men, mèt lanmò a ta dwe resevwa tout orezon yo pou pèmèt yon jiri serye chwazi 70 nan yo pou fè yon kokennchenn liv, yon zèv total-kapital. Lide sa a enpòtan, paske si se pa t chante Carole Démesmin an, manzè Lumane Casimir t ap disparèt nan memwa Ayisyen.
Antanke rèn chantrèl lapawòl, Liliane pale lib e libè. Men tou, li plede pou tout sitwayen kwape baboukèt. Modèl moun sa a se yon eritaj pou pèp ayisyen an. Nou pa gen dwa kite yon eritaj depafini piti-piti. Fò n pwoteje eritaj la. Kote kowòt patriyòt yo? Kote Ministè Kilti? Kote Inesko? Jwèt pou nou! Nan sans sa a, an nou ankouraje yon Pri Libète laPawòl Liliane Pierre-Paul. Yon pri prestijye ki nasyonal, karayib, menm
mondyal.
Mwen pa ta renmen fini ti pawòl pa m lan san m pa peze sou kè sansib Liliane. Oditè Radyo Kiskeya yo paka konte konbyen fwa Liliane kriye nan mikwo lè l ap anonse lanmò yon notab peyi a li te konnen pèsonèlman, oubyen yon malere-malerèz zanmi li te konn sipòte.
Se menm sansiblite fèy wont li ki fè detanzantan li anonse kidnaping, krim vyolan, maltretans kont peyi a, ak tout jèvrin nou konnen an, pandan dlo ap koule nan je l, pandan gòj li chaje ak sanglo.
Si yon moun pa mouri, ou paka konnen kijan lanfè ak paradi ye. Men, pandan nou vivan an, kòm pèp ayisyen, nou chanje chemiz pou moun ki sye pou nou. Se konsa nou konnen etènite pa nou an genyen 2 tonb: youn kote nou mete Dessalines, lòt la kote nou mete Rochambeau. Nou mete Liliane bò kot Dessalines.
Pp Dumont
4 out 2023