Not pou Laprès
Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak DevlopmanRiral (MARNDR) sezi aprann nan laprès minis agrikilti a ta pataje ak Dominiken yon dokiman sekrè ki ta bay Prezidan Dominiken an rezon sou pozisyon li pran nan dosye konstriksyon Rivyè masak la.
Ministè a pote yon demanti fòmèl pa rapò ak rimè ki pa chita sou pyès fondman.
Ministè a pwofite fè opinyon piblik la konnen li toujou defann pozisyon ki ale nan enterè peyizan ak agrikiltè nan Plèn Maribawou. Se pou rezon sa, nan tout reyinyon ministè a toujou defann dwa pou peyi Dayiti benefisye egal a egal resous peyi a pataje ak vwazen dominiken.
Nan sousi sa, ministè Agrikilti gentan pran dispozisyon a travè Direksyon Depatmantal Nòdès pou li akonpaye chantye konstriksyon Kanal la, menm jan Gouvènman an te mande l nan Deklarasyon jou ki te 13 sektanm lan.
Ministè a deside pou akonpaye travay konstriksyon Kanal la yon fason pou li reponn ak nòm teknik yo epi tou pou li pa gen okenn enpak sou lavi moun ak plantasyon nan Ba Maribawou.
Ministè a toujou rete disponib pou li chita ak tout sektè ki konsène nan konstriksyon Kanal pou yon pi bon planifikasyon chantye yo. San nou pa bliye mobilizasyon se ekspresyon solidarité ak patriyotis yon popilasyon ki montre lemond antye Ayiti se yon Nanchon granmoun, nap di :
WI FÒK KANAL LA FÈT
WI FÒK GEN JEFÒ KI FÈT POU DLO RIVE KÒM SA DWA NAN KANAL YO
WI SE NAN SOLIDARITE AK TÈT ANSANM POU TÈ MARIBAWOU RIVE WOUZE.
SE TE YON MESAJ MINISTE AGRIKILTI RESOUS NATIREL AK DEVLOPMAN RIRAL